We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Verily, they may preach even to paleness and faintness, until the bellows are burnt, until their lungs and vitals are consumed, and their hearers will never be the better; not one sinner will be converted until God is graciously pleased, by the efficacious working of His Spirit, to add His blessing to their labors and make His Word, in the mouth of the preacher, sharper than any two-edged sword in the heart of the hearer. All will be in vain, to no saving purpose, until God is pleased to give the increase. And in order to do this, God looks for their prayers to come up to His ears. A praying minister is in the way to have a successful ministry (John Shaw).
Other Authors

FREE Online Haitian Creole. Chante Salomon Chapter 3:1-11.

Main Index: Haitian Creole

 

Chante Salomon 3

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]

3:1 ¶ Pandan plizyè nwit, m’ kouche sou kabann mwen, m’ chache moun mwen renmen anpil la. M’ chache l’, mwen pa jwenn li.

3:2 Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m’ chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M’ chache l’, mwen pa jwenn li.

3:3 Gad k’ap mache fè patwouy nan lavil la kontre avè m’. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè nèg mwen renmen an pou mwen?

3:4 Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l’. Mwen pa lage l’ jouk mwen mennen l’ kay manman m’, nan chanm moun ki te pote m’ nan vant li an.

3:5 Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m’ sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmòrèz mwen lè l’ap dòmi. Pa leve l’ san li pa vle.

3:6 ¶ Kisa k’ap vini sot nan dezè a? L’ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.

3:7 ¶ Gade! Se yon kabann divan y’ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k’ap eskòte l’, swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la.

3:8 Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit.

3:9 Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li ak pi bon bwa peyi Liban,

3:10 Poto kwen yo fèt an ajan. Tèt divan an kouvri an lò. Matla a kouvri ak bèl twal wouj, tout anndan an bwode. Se medam lavil Jerizalèm yo ki fè l’ pou li ak tout kè yo.

3:11 Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l’ te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l’ te kontan anpil la.