We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

The great mystery is not unanswered prayer; it's unfinished prayer

FREE Online Haitian Creole. 2Wa Chapter 1:1-18.

Main Index: Haitian Creole

 

2Wa 1

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]

1:1 ¶ Apre lanmò Akab, wa peyi Izrayèl la, peyi Moab pran lèzam kont moun Izrayèl yo.

1:2 Okozyas, wa peyi Izrayèl la, pran yon so, li soti nan balkon lakay li, li tonbe sou twati palè li lavil Samari. Li fraktire nan tout kò l’. Li voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye moun Filisti yo ki te gen tanp li lavil Ekwon, pou konnen si l’ap refè.

1:3 Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l’ konsa: –Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W’a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.

1:4 W’a di yo tou men mesaj Seyè a voye bay wa a: Li p’ap leve sou kabann kote li kouche a paske li pral mouri. Eli leve, li fè sa Seyè a te mande l’ fè a.

1:5 Lè mesaje yo tounen al jwenn wa a, wa a mande yo: –Poukisa nou tounen?

1:6 Yo reponn li: –Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N’a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p’ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.

1:7 Wa a mande yo: –Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?

1:8 Msye yo reponn li: –Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l’. Wa a di: –Se Eli, moun lavil Tichbe a.

1:9 ¶ Li voye yon kaptenn ak senkant sòlda al chache Eli. Lè yo rive, yo jwenn Eli chita sou tèt yon ti mòn. Yo di li konsa: –Sèvitè Bondye, wa a pase ou lòd pou ou desann.

1:10 Eli reponn: –Si m’ se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l’ kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.

1:11 Wa voye yon lòt kaptenn ak senkant lòt sòlda. Lè yo rive, yo di Eli: –Sèvitè Bondye, wa a voye di ou desann koulye a san pèdi tan.

1:12 Eli reponn: –Si m’ se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l’ kankannen nou. Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.

1:13 Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l’ konsa: –Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou!

1:14 Dife soti nan syèl la, li tonbe sou de lòt kaptenn yo ak tout sòlda ki te avèk yo! Tanpri, pitye pou mwen.

1:15 Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: –Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l’. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l’ al jwenn wa a.

1:16 Li di wa a konsa: –Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p’ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.

1:17 Okozyas mouri vre, jan Seyè a te di l’ la nan bouch Eli. Okozyas pa t’ gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t’ap mache sou dezan depi li t’ap gouvènen nan peyi Jida.

1:18 Tout rès istwa Okozyas la ansanm ak tou sa li te fè, n’a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.