We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Let us thank God heartily as often as we pray that we have His Spirit in us to teach us to pray. Thanksgiving will draw our hearts out to God and keep us engaged with Him; it will take our attention from ourselves and give the Spirit room in our hearts.
Andrew Murray

FREE Online Haitian Creole. Jeremi Chapter 45:1-5.

Main Index: Haitian Creole

 

Jeremi 45

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]

45:1 ¶ Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t’ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t’ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa:

45:2 -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk.

45:3 Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m’ te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm!

45:4 Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k’ap demoli tou sa mwen te bati. m’ap derasinen tou sa mwen te plante. M’ap fè sa toupatou sou latè!

45:5 Epi ou menm, w’ap mande pou yo fè pa ou, w’ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M’ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p’ap mouri, w’ap sove lavi ou!