We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

God is unfeeling? Ha! Alongside him we're as cold as stones

Our hopelessness and our helplessness are no barrier to (God’s) work. Indeed our utter incapacity is often the prop He delights to use for His next act… We are facing one of the principles of Yahweh’s modus operandi. When His people are without strength, without resources, without hope, without human gimmicks – then He loves to stretch forth His hand from heaven. Once we see where God often begins we will understand how we may be encouraged.
Ralph Davis

FREE Online Haitian Creole. Jonas Chapter 2:1-10.

Main Index: Haitian Creole

 

Jonas 2

[1]
[2]
[3]
[4]

2:1 ¶ Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di:

2:2 Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.

2:3 Ou te voye m’ jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m’ toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen.

2:4 Mwen t’ap di nan kè m’: Gen lè ou voye m’ jete byen lwen ou. Mwen p’ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò!

2:5 Dlo yo kouvri m’, yo te prèt pou neye m’. Lanmè a te fin vale m’, zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen.

2:6 Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m’ soti nan twou a. Ou ban m’ lavi ankò.

2:7 Lè m’ santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m’.

2:8 Moun k’ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.

2:9 Men, m’ap chante pou m’ fè lwanj ou, m’a ofri bèt pou yo touye pou ou. M’a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou.

2:10 ¶ Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.