We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Quit griping about your church; if it was perfect, you couldn't belong.

FREE Online Haitian Creole. Malachi Chapter 4:1-6.

Main Index: Haitian Creole

 

Malachi 4

[1]
[2]
[3]
[4]

4:1 ¶ Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y’ap boule nèt san kite tras.

4:2 Men, pou moun k’ap sèvi m’ yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.

4:3 Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m’a deside pou m’ aji a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

4:4 ¶ Pa bliye sa Moyiz, sèvitè m’ lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la.

4:5 Jou m’ lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m’ voye pwofèt Eli.

4:6 Li gen pou l’ fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m’ap vini, m’ap detwi peyi nou an nèt ale.