We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

You're on this planet for a purpose. Find it.

FREE Online Haitian Creole. Lik Chapter 15:1-32.

Main Index: Haitian Creole

 

Lik 15

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]

15:1 ¶ Tout pèseptè kontribisyon yo ak moun k’ap fè sa ki mal yo t’ap pwoche bò kot Jezi pou tande sa l’ t’ap di.

15:2 Farizyen yo ak dirèktè lalwa yo t’ap babye. Yo t’ap di: Nonm sa a ap resevwa moun k’ap fè sa ki mal, epi l’ap manje ak yo.

15:3 Lè sa a, Jezi di yo parabòl sa a:

15:4 Sipoze yonn nan nou gen san (100) mouton. Si l’ pèdi yonn ladan yo, èske li p’ap kite katrevendisnèf lòt mouton yo nan dezè a, pou li al dèyè sak pèdi a? L’ap chache l’ jouk li jwenn li.

15:5 Lè l’ jwenn li, l’ap mete l’ sou zepòl li ak kè kontan.

15:6 Lè l’ tounen lakay li avè l’, l’ap rele tout zanmi l’ ak tout vwazen l’ yo, l’ap di yo: vin fè fèt avè m’, mwen jwenn mouton m’ ki te pèdi a.

15:7 Konsa tou, m’ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t’ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k’ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.

15:8 Osinon ankò, sipoze yon fanm ki gen dis pyès lajan. Si li pèdi yonn ladan yo, èske li p’ap limen lanp, bale tout kay la, chache nan tout ti kwen jouk li jwenn li?

15:9 Lè l’ jwenn li, l’ap rele zanmi l’ ak vwazen li yo, l’ap di yo: vin fè fèt avè m’; mwen jwenn pyès lajan m’ ki te pèdi a.

15:10 Konsa tou, m’ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t’ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.

15:11 ¶ Jezi di ankò: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason.

15:12 Pi piti a di papa l’: Papa, ban m’ pa m’ nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l’ yo bay tou de.

15:13 Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l’, li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l’ nan banbòch, li gaspiye tout lajan l’.

15:14 Lè msye fin depanse tout lajan l’, yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite.

15:15 li al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l’ nan jaden l’ al gade kochon.

15:16 Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t’ap manje a, men pesonn pa t’ ba li.

15:17 Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l’. Li di konsa: Gade kantite moun k’ap travay kay papa m’ pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m’ap mouri grangou isit la.

15:18 M’ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m’, m’ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou.

15:19 Mwen pa merite pou ou konsidere m’ pou pitit ou ankò. Gade m’ tankou yonn nan moun k’ap travay avè ou yo.

15:20 Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l’ mal, li kouri al rankontre l’, li pase men l’ nan kou pitit la epi li bo li.

15:21 Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m’ pou pitit ou ankò.

15:22 Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l’ sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li.

15:23 Al chache jenn ti towo nou t’ap angrese a, touye l’. Ann fete, ann manje.

15:24 Paske, pitit gason m’ sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.

15:25 Lè sa a, pi gran gason an te nan jaden. Antan l’ap soti nan jaden, lè l’ rive pre kay la, li tande mizik la ak vwa moun k’ap danse yo.

15:26 Li rele yonn nan domestik yo, li mande li: Sak genyen?

15:27 Domestik la di li: Ti frè ou la tounen. Papa ou fè touye jenn ti towo nou t’ap angrese a, paske li jwenn msye an sante.

15:28 Gran frè a fè kòlè, li derefize antre nan kay la. Papa a soti, li mande l’ pou l’ antre.

15:29 Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m’ap sèvi ou; mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m’ yon ti kabrit menm pou m’ fè fèt ak zanmi m’ yo.

15:30 Men, lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout byen ou yo ak jennès, se pou li ou fè touye jenn towo nou t’ap angrese a.

15:31 Papa a di li: Pitit mwen, ou toujou la avè m’; tout sa m’ genyen se pou ou.

15:32 Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pa t’ ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li koulye a.