We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

I used to think that God’s gifts were on shelves one above the other; and that the taller we grew in Christian character the easier we could reach them. I now find that God’s gifts are on shelves one beneath the other; and it is not a question of growing taller but of stooping lower; and that we have to go down, always down, to get His best gifts.
F.B. Meyer

Love compliments and balances everything else. It is the beautiful, softening principle. It keeps our firmness from becoming hardness and our strength from becoming domineering. It keeps our maturity gentle and considerate. It keeps our right doctrine from becoming obstinate dogmatism and our right living from becoming smug self-righteousness.
John MacArthur

FREE Online Haitian Creole. 1Korint Chapter 8:1-13.

Main Index: Haitian Creole

 

1Korint 8

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]

8:1 ¶ Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon.

8:2 Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l’ dwe konnen an.

8:3 Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.

8:4 ¶ Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen.

8:5 Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre),

8:6 pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n’ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k’ap fè nou viv tou.

8:7 ¶ Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y’ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y’ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a.

8:8 Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite.

8:9 Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.

8:10 Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l’ pou l’ manje vyann bèt yo ofri bay zidòl.

8:11 Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l’ tou, men li va peri akòz konesans ou a.

8:12 Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche.

8:13 Pase pou yon manje fè frè m’ tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m’ pa fè frè m’ tonbe nan peche.