We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

God will ultimately have HIS way, not yours!

FREE Online Haitian Creole. 1Korint Chapter 12:1-31.

Main Index: Haitian Creole

 

1Korint 12

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]

12:1 ¶ Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m’ yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo.

12:2 Nou chonje, lè nou pa t’ ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t’ kapab pale.

12:3 Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p’ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p’ap dirije lavi yon moun, li p’ap ka di Jezi se Seyè a.

12:4 Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.

12:5 Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n’ap sèvi.

12:6 Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k’ap fèt.

12:7 Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l’ pou byen tout moun.

12:8 Lespri a bay yon moun don pou l’ pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l’ pale avèk anpil konesans.

12:9 Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l’ geri moun malad.

12:10 Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l’ bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l’ rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l’ ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l’ ka esplike sa pawòl langaj la vle di.

12:11 Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.

12:12 ¶ Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.

12:13 Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n’ te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.

12:14 Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò.

12:15 Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p’ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l’ pa fè pati kò a vre.

12:16 Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p’ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l’ pa fè pati kò a vre.

12:17 Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l’ ta ka tande? Si l’ te yon zòrèy, ki jan l’ ta ka pran sant?

12:18 Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l’ vle.

12:19 Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm.

12:20 Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò.

12:21 Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou.

12:22 Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè.

12:23 Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa.

12:24 Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo.

12:25 Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an.

12:26 Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l’ tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.

12:27 ¶ Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a.

12:28 Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k’ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k’ap ede lòt, moun k’ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.

12:29 Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak.

12:30 Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la.

12:31 Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li.