We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Guess who created pleasure. He might just know a thing or two . . .

FREE Online Haitian Creole. Jenèz Chapter 5:1-32.

Main Index: Haitian Creole

 

Jenèz 5

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]

5:1 ¶ Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l’.

5:2 Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.

5:3 Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l’ tèt koupe, li rele l’ Sèt.

5:4 Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:5 Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).

5:6 ¶ Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.

5:7 Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:8 Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).

5:9 Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.

5:10 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:11 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).

5:12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.

5:13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).

5:15 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.

5:16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).

5:18 Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.

5:19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).

5:21 ¶ Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.

5:22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:23 –

5:24 Enòk te pase tout vi l’ ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l’ disparèt, paske Bondye te pran l’ avè l’.

5:25 ¶ Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.

5:26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an).

5:28 ¶ Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.

5:29 Li rele l’ Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n’ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.

5:30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5:31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).

5:32 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.