We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Tired of empty promises? God's word never fails!

FREE Online Haitian Creole. Jenèz Chapter 12:1-20.

Main Index: Haitian Creole

 

Jenèz 12

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]

12:1 ¶ Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m’a moutre ou la.

12:2 M’ap ba ou anpil pitit pitit. Y’a tounen yon gwo nasyon. m’a beni ou. Y’a nonmen non ou toupatou; w’a sèvi yon benediksyon pou tout moun.

12:3 M’ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m’ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.

12:4 ¶ Abram pati jan Seyè a te di l’ la. Lòt pati ansanm avè l’ tou. Abram te gen swasannkenzan lè li kite Karan.

12:5 Abram pran Sarayi, madanm li, Lòt, pitit frè li a, ansanm ak tout byen li te genyen ak tout domestik li te gen avè l’ nan lavil Karan, yo tout yo pati pou Kanaran. Yo rive nan peyi a.

12:6 ¶ Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a.

12:7 Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l’. Men peyi m’ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.

12:8 Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.

12:9 Li vwayaje toujou, li desann nan direksyon sid, bout pou bout jouk li rive nan rejyon Negèv la.

12:10 ¶ Men, grangou tonbe sou peyi a, pa t’ gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan.

12:11 Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm.

12:12 Lè gason nan peyi Lejip yo wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y’a touye m’ pou yo sa pran ou nan men m’.

12:13 Tanpri, di yo se sè mwen ou ye pou yo pa touye m’, pou yo ka aji byen avè m’ poutèt ou.

12:14 ¶ Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gen tan wè jan Sarayi te yon bèl fanm.

12:15 Kèk grannèg nan gouvènman an wè sa tou, y al di farawon an jan li te bèl. Epi yo mennen Sarayi nan palè a.

12:16 Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l’.

12:17 Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Seyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a.

12:18 Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li. Kisa ou fè m’ konsa? Poukisa ou pa t’ di m’ se madanm ou Sarayi ye?

12:19 Poukisa ou te di m’ se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l’ pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l’, al fè wout ou.

12:20 Farawon an pase moun li yo lòd pou fè Abram pati kite peyi a, li menm ansanm ak madanm li avèk tout sa ki te pou li.