We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Many favors which God gives us ravel out for want of hemming through our unthankfulness; for though prayer purchases blessings, giving praise keeps the quiet possession of them.
Thomas Fuller

FREE Online Haitian Creole. Egzòd Chapter 24:1-18.

Main Index: Haitian Creole

 

Egzòd 24

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]

24:1 ¶ Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m’ ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N’a rete yon distans, n’a bese tèt nou jouk atè pou adore m’.

24:2 Apre sa, Moyiz va pwoche pou kont li, l’a vin bò kote m’. Piga lòt yo pwoche. Pèp la menm pa pou moute avè yo.

24:3 Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l’ yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N’a fè tou sa Seyè a di nou fè.

24:4 Moyiz ekri tou sa Seyè a te di l’ yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lòtèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo ròch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.

24:5 Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Seyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Seyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Seyè a mèsi.

24:6 Moyiz pran mwatye nan san an, li mete l’ nan ganmèl. Lòt mwatye a, li vide l’ sou lòtèl la.

24:7 Lèfini, li pran liv kontra a, li li l’ pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: -N’a fè tou sa Seyè a mande nou fè, n’a obeyi l’.

24:8 Lè sa a, Moyiz pran san ki te nan ganmèl yo, li voye l’ sou pèp la, li di: -San sa a sèvi pou siyen kontra Seyè a pase ak nou an, dapre pawòl li di yo.

24:9 ¶ Moyiz moute sou mòn lan ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la.

24:10 Yo te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l’, te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nwaj menm ladan li.

24:11 Seyè a pa t’ fè chèf pèp Izrayèl yo anyen. Se konsa yo te wè Bondye. Aprè sa, yo manje epi yo bwè.

24:12 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn lan bò kote m’. Rete la. m’a ba ou de ròch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la.

24:13 Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a.

24:14 Anvan Moyiz te ale, li di chèf fanmi yo: -Rete tann nou isit la jouk nou tounen. Men Arawon ak Our ap rete ak nou. Si yon moun bezwen regle yon pwoblèm, li mèt al jwenn yo.

24:15 Moyiz moute sou mòn lan, epi nwaj kouvri mòn lan nèt.

24:16 Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz.

24:17 Pou moun pèp Izrayèl yo menm, pouvwa Seyè a te parèt tankou yon gwo dife ki t’ap boule sou tèt mòn lan.

24:18 Moyiz antre nan mitan nwaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.