We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

It is the grace of God that fallen men most detest. If lost men really thought that God is a harsh and cruel deity who deals severely with all who offend Him, they would cower in His presence, and they would do everything possible to avoid His wrath. Men do not fear God, however; they disdain Him. They interpret His grace as weakness and His delay of judgment as inability to achieve His purposes. Men who are sinners do not want to admit their own guilt and thus do not want to petition God for grace. They will have heaven on their own terms or not at all. Thus lost men will go to hell because they hate grace and will have none of it.
Bob Deffinbaugh

FREE Online Haitian Creole. Levitik Chapter 2:1-16.

Main Index: Haitian Creole

 

Levitik 2

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]

2:1 ¶ Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l’ fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l’a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l’a mete lansan sou li tou.

2:2 Lèfini, l’a pote l’ bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l’a boule l’ nèt sou lotèl la, pou Seyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife epi k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

2:3 Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti.

2:4 Lè w’ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fè l’ ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l’. Se ka gwo pen pwès fèt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankò ti biswit plat wouze ak lwil oliv.

2:5 Lè w’ap ofri yon pen kwit sou platin, w’a fè l’ ak farin ble bat ak lwil oliv, men san ledven ladan l’.

2:6 W’a koupe l’ an ti moso, epi w’a vide lwil sou li. Se konsa w’a ofri l’ bay Seyè a.

2:7 Lè w’ap ofri yon pen kwit nan chodyè, w’a fè l’ ak farin melanje ak lwil oliv.

2:8 W’a fè yon ofrann avè l’ bay Seyè a. W’a pote l’ bay prèt la ki va mete l’ sou lotèl la.

2:9 Prèt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l’a boule l’ sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife epi k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

2:10 Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l’ nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.

2:11 ¶ Piga ou janm ofri bay Seyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l’. Piga ou janm sèvi ni ak ledven, ni ak siwo myèl nan ofrann w’ap boule nan dife pou Seyè a.

2:12 W’a ofri ledven ak siwo myèl fè Seyè a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotèl la, tankou ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant yo.

2:13 W’a simen sèl sou tout ofrann w’ap fè, paske sèl la se pou fè ou chonje kontra Bondye te pase avè ou la. Wi, se pou nou mete sèl sou tou sa n’ap ofri.

2:14 Lè w’ap ofri bay Seyè a premye grenn ki bon yo, w’a ofri grenn griye nan dife ak farin ble.

2:15 W’a mete lwil oliv sou li ansanm ak lansan. Se konsa w’a ofri l’ bay Seyè a.

2:16 Prèt la va pran ti gout nan ofrann manje a ak nan lwil la, l’a boule l’ ansanm ak tout lansan an. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife pou Seyè a.