We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Jesus, what happened to your hands?
Little girl

FREE Online Haitian Creole. Levitik Chapter 17:1-16.

Main Index: Haitian Creole

 

Levitik 17

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]

17:1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:

17:2 -Pale ak Arawon ak pitit gason l’ yo epi ak tout moun pèp Izrayèl yo. W’a di yo: Men bagay Seyè a bay lòd pou nou fè:

17:3 Si yonn nan moun Izrayèl yo touye yon towo bèf, yon mouton osinon yon kabrit nan kan kote yo rete a, ou ankò lòt bò limit kan an,

17:4 depi se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l’ pou l’ ofri l’ bay Seyè a la devan kay Seyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l’ nèt nan mitan moun pèp Bondye a.

17:5 Sa vle di: Depi koulye a moun pèp Izrayèl yo gen pou mennen devan Seyè a tout bèt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Se la y’a touye yo, menm jan yo touye bèt y’ap ofri pou di Bondye mèsi.

17:6 Prèt la va pran san an, l’a vide l’ sou lotèl la, devan pòt Tant Randevou a. L’a boule grès la pou l’ fè yon bon sant ki va fè Seyè a plezi.

17:7 Se pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.

17:8 Epi w’a di yo ankò: Ankenn moun nan pèp Izrayèl la, ni moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan yo pa gen dwa touye bèt yo ofri ni pou yo boule nèt ni pou lòt kalite sèvis

17:9 ankenn lòt kote, si se pa devan pòt Tant Randevou a pou li ofri l’ bay Seyè a. Si se pa sa, y’a wete l’ nèt nan mitan moun pèp Bondye a.

17:10 ¶ Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l’. Si li fè l’, mwen menm Seyè a, mwen p’ap okipe l’ ankò, m’ap wete l’ nan mitan pèp mwen an.

17:11 Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou.

17:12 Se poutèt sa Seyè a te di moun pèp Izrayèl yo: Pesonn nan pèp Izrayèl la, ni ankenn moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou pa gen dwa manje vyann ki gen san ladan l’.

17:13 Lè yon moun nan pèp Izrayèl la osinon yon moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bèt osinon yon zwazo yo gen dwa manje, l’a vide tout san bèt la atè epi la kouvri l’ ak tè.

17:14 Paske nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Seyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gen dwa manje vyann ankenn bèt ak tout san an ladan l’. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l’, m’ap wete yo nan mitan pèp mwen an.

17:15 Mwen pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l’a gen pou l’ lave rad ki sou li, l’a benyen nan gwo dlo, epi li p’ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l’a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

17:16 Men, si li pa lave rad ki sou li yo, si li pa benyen nèt, l’a peye sa l’ fè a.