We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

All suffering can be traced back to people disobeying God

FREE Online Haitian Creole. Resansman Chapter 12:1-16.

Main Index: Haitian Creole

 

Resansman 12

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]

12:1 ¶ Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t’ap pale Moyiz mal sou sa.

12:2 Yo t’ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t’ap di a.

12:3 Men Moyiz se yon nonm ki pa t’ grandizè. pa t’ gen pase l’ sou latè.

12:4 ¶ Seyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo: -Nou twa sa yo, soti non. Ale nan Tant Randevou a. Yo twa a ale vre.

12:5 Seyè a desann nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li.

12:6 Li di yo konsa: -Tande byen sa m’ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l’ wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l’.

12:7 Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m’ lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la.

12:8 Mwen pale avè l’ aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l’ wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m’ lan, mal?

12:9 Seyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l’ ale.

12:10 ¶ Nwaj la leve anwo tant lan, l’ ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l’ vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.

12:11 Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t’ la!

12:12 Tanpri, pa kite Miryam tounen tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak tout mwatye nan kò l’ manje.

12:13 Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l’ konsa: -Bondye, tanpri, geri l’ non!

12:14 Men, Seyè a di Moyiz: -Si se te papa l’ ki te krache nan figi l’, li t’ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben, se pou yo fèmen l’ pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Apre sa, y’a kite l’ tounen.

12:15 Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pa t’ leve pati toutotan yo pa t’ kite Miryam tounen nan kan an ankò.

12:16 Apre sa, pèp la kite Azewòt kote yo te ye a, yo pati al moute tant yo nan dezè Paran an.