We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

No God, no peace. Know God, know peace.

FREE Online Haitian Creole. Resansman Chapter 34:1-29.

Main Index: Haitian Creole

 

Resansman 34

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]

34:1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:

34:2 -Men lòd w’a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n’a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a.

34:3 Sou bò sid la, n’a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a.

34:4 L’a chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l’a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L’a pran direksyon nò, l’a moute bò Aza ada, l’a rive Achmon,

34:5 l’a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l’a bout nan Lanmè Mediterane.

34:6 Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè.

34:7 Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la.

34:8 Antan nou la, n’a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.

34:9 N’a pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fwontyè nou sou bò nò a.

34:10 Fwontyè sou bò solèy leve a va soti Aza-Enan pou rive Chefam.

34:11 L’a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L’a desann pi ba toujou jouk l’a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve.

34:12 Fwontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l’ al bout sou lanmè Sale a. Men fwontyè k’ap limite peyi nou an sou kat bò.

34:13 Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la.

34:14 Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa.

34:15 Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.

34:16 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:

34:17 -Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan,

34:18 avèk douz chèf n’a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi.

34:19 Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a.

34:20 Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la.

34:21 Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan.

34:22 Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a.

34:23 Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a,

34:24 ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan.

34:25 Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la.

34:26 Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an.

34:27 Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a.

34:28 Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la.

34:29 Men moun Seyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran.