We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

We can do nothing, we say sometimes, we can only pray. That, we feel, is a terribly precarious second-best. So long as we can fuss and work and rush about, so long as we can lend a hand, we have some hope; but if we have to fall back upon God — ah, then things must be critical indeed!
A.J. Gossip

FREE Online Haitian Creole. Jan Chapter 1:1-51.

Main Index: Haitian Creole

 

Jan 1

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]

1:1 ¶ Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou.

1:2 Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman.

1:3 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t’ gen anyen ki te fèt san Pawòl la.

1:4 Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.

1:5 ¶ Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pa t’ resevwa li.

1:6 Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan.

1:7 Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè.

1:8 Se pa li menm ki te limyè a. Li te vin pou sèvi temwen pou pale sou limyè a.

1:9 Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k’ap klere tout moun.

1:10 Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t’ rekonèt li.

1:11 Li vin nan peyi l’; men tout moun nan peyi l’ pa t’ resevwa li.

1:12 Men, sa ki te resevwa l’ yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.

1:13 Yo pa t’ vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t’ soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.

1:14 Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.

1:15 ¶ Se li menm Jan Batis t’ap pale a, lè l’ te di byen fò: Men moun mwen t’ap pale nou an, lè m’ te di nou: L’ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m’, paske li te la anvan mwen.

1:16 Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l’ yo. Li ban nou favè sou favè.

1:17 Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.

1:18 Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k’ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye.

1:19 ¶ Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l’ ki moun li ye.

1:20 Jan pa t’ refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la.

1:21 Yo mande li: Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofèt la? Li reponn yo: Non.

1:22 Lè sa a yo di li: Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n’ pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye?

1:23 Jan reponn: Mwen se vwa nonm k’ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.)

1:24 Gen nan moun yo te voye bò kot Jan yo ki te soti lakay farizyen yo.

1:25 Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w’ap batize moun?

1:26 Jan reponn yo: Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen.

1:27 L’ap vin apre m’, men mwen pa bon ase pou m’ ta demare kòd sapat li.

1:28 Tout bagay sa yo t’ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t’ap batize a.

1:29 ¶ Nan denmen, Jan wè Jezi ki t’ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè.

1:30 Men moun mwen t’ap pale nou an, lè m’ te di nou gen yon nonm k’ap vin apre m’ men ki gen plis pouvwa pase m’, paske li te la anvan mwen.

1:31 Mwen pa t’ konnen ki moun sa tapral ye. Men, mwen vin batize nou nan dlo pou moun pèp Izrayèl yo te ka rekonèt li.

1:32 Jan di yo ankò: Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt li.

1:33 Lè sa a, mwen pa t’ ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m’ batize nan dlo a, te di m’: Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri.

1:34 Jan di yo ankò: Mwen wè sa ak je m’, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.

1:35 Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo.

1:36 Li wè Jezi ki t’ap pase, li di: Men ti mouton Bondye a.

1:37 ¶ De patizan yo tande sa Jan t’ap di a, yo pran swiv Jezi.

1:38 Jezi vire tèt li gade, li wè yo t’ap swiv li. Li mande yo: Sa n’ap chache? Yo mande li: Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.)

1:39 Li reponn yo: Vini non, n’a wè. Y’ ale vre. Yo wè kote l’ te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.)

1:40 Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi.

1:41 Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).

1:42 Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l’, li di: Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y’a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)

1:43 ¶ Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.

1:44 (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.)

1:45 Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.

1:46 Natanayèl di li: Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt? Filip reponn li: Vini non, wa wè.

1:47 Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l’, li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.

1:48 Natanayèl mande li: Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan.

1:49 Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!

1:50 Jezi reponn li: Paske mwen di ou mwen te wè ou anba fig frans lan, poutèt sa ase ou kwè? Ou gen pou wè bagay pi gwo pase sa.

1:51 Apre sa, li di yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: N’a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k’ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.