We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

If thankfulness does not move us to serve God, then we do not truly understand who our God is and what He has done in our behalf. Without gratitude for Christ’s sacrificial love, our duty will become nothing more than drudgery and our God nothing more than a dissatisfied boss.
Bryan Chapell

FREE Online Haitian Creole. Jan Chapter 2:1-25.

Main Index: Haitian Creole

 

Jan 2

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]

2:1 ¶ De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jez te la,

2:2 yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou.

2:3 Rive yon lè pa t’ gen diven ankò. Manman Jezi di l’ konsa: Yo pa gen diven ankò non.

2:4 Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m’ lan poko rive.

2:5 Lè sa a, manman Jezi di moun ki t’ap sèvi yo: Fè tou sa l’ di nou fè.

2:6 Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa.

2:7 Jezi di moun ki t’ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch.

2:8 Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la.

2:9 Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t’ konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t’ap marye a,

2:10 li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w’ap sèvi l’.

2:11 Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.

2:12 ¶ Apre sa, li ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l’, frè l’ yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la.

2:13 Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute Jerizalèm.

2:14 Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t’ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan.

2:15 Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t’ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè.

2:16 Li di moun ki t’ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m’ lan tounen yon boutik kote yo fè komès.

2:17 Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k’ap boule tout anndan mwen.

2:18 Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w’ap fè la a?

2:19 Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m’ap rebati l’ ban nou.

2:20 Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li?

2:21 Men Jezi li menm, lè l’ t’ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li.

2:22 Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.

2:23 ¶ Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t’ap fè.

2:24 Men, Jezi pa t’ fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen.

2:25 Li pa t’ bezwen moun te di l’ anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.