We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

How can a moral wrong be a civil right?

FREE Online Haitian Creole. Pwoveb Chapter 9:1-18.

Main Index: Haitian Creole

 

Pwoveb 9

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]

9:1 ¶ Bon konprann bati kay li, li kanpe l’ avèk sèt gwo poto.

9:2 Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje.

9:3 Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo:

9:4 Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l’ap di yo:

9:5 Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non!

9:6 Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.

9:7 Si w’ap kouri dèyè yon moun k’ap pase moun nan betiz, l’ap joure ou mete sou li. Si w’ap rale zòrèy yon mechan, l’ap bat ou mete sou li.

9:8 Pa janm kouri dèyè yon moun k’ap pase moun nan betiz. L’a rayi ou. Men, si w’ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l’a gen respè pou ou.

9:9 Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w’ap fè l’ gen plis bon konprann toujou. Plis w’ap moutre yon nonm debyen, plis l’ap mete sou konesans li.

9:10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.

9:11 Bon konprann ap fè ou viv lontan. L’ap fè ou wè plizyè lanne.

9:12 Si ou gen bon konprann, premye moun k’ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w’ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k’ap peye konsekans lan pou kont ou.

9:13 ¶ Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen.

9:14 Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la.

9:15 L’ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l’. L’ap di yo:

9:16 Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo:

9:17 Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou!

9:18 Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.