We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Who hears "Depart from me, for I never knew you"?

FREE Online Haitian Creole. Pwoveb Chapter 14:1-35.

Main Index: Haitian Creole

 

Pwoveb 14

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]

14:1 ¶ Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.

14:2 ¶ Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k’ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen.

14:3 ¶ Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.

14:4 ¶ Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w’ap fè bon rekòt.

14:5 ¶ Yon bon temwen p’ap bay manti. Yon fo temwen p’ap di verite.

14:6 ¶ Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p’ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.

14:7 ¶ Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w’ap pran anyen.

14:8 ¶ Moun ki gen bon konprann konnen sa l’ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l’ap twonpe.

14:9 ¶ Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k’ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo.

14:10 ¶ Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w’ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou.

14:11 ¶ Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k’ap mache dwat yo gen pou devlope.

14:12 ¶ Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò.

14:13 ¶ Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere.

14:14 ¶ Moun k’ap fè sa ki mal ap jwenn sa l’ap chache a. Konsa tou, moun k’ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.

14:15 ¶ Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l’. Men, moun ki gen konprann veye kote l’ap mete pye l’.

14:16 ¶ Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.

14:17 ¶ Lè yon moun gen san wo, l’ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz.

14:18 ¶ Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans.

14:19 ¶ Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k’ap mache dwat yo.

14:20 ¶ Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.

14:21 ¶ Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!

14:22 ¶ Lè w’ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w’ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p’ap janm lage ou.

14:23 ¶ Travay, w’a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.

14:24 ¶ Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt.

14:25 ¶ Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo.

14:26 ¶ Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l’ apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye.

14:27 Gen krentif pou Bondye, w’a gen lavi. Ou p’ap tonbe lè lavi ou an danje.

14:28 ¶ Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l’ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.

14:29 ¶ Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

14:30 ¶ Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k’ap manje ou nan zo.

14:31 ¶ Lè w’ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l’ la w’ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.

14:32 ¶ Mechanste mechan an, se sa k’ap jete l’ atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y’ap pwoteje l’ menm lè lavi l’ an danje.

14:33 ¶ Moun ki gen konprann, se tout tan y’ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen.

14:34 ¶ Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.

14:35 ¶ Wa a kontan lè moun k’ap travay avè l’ yo fè travay yo byen. Men, l’ap move sou moun k’ap fè travay yo mal.