We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

The real God: don't settle for substitutes

FREE Online Haitian Creole. Pwoveb Chapter 31:1-31.

Main Index: Haitian Creole

 

Pwoveb 31

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]

31:1 ¶ Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l’ te ba li:

31:2 Kisa pou m’ di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l’ ban mwen ou. Kisa pou m’ di ou?

31:3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k’ap fè malè chèf yo.

31:4 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.

31:5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p’ap pran ka malere yo.

31:6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.

31:7 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.

31:8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.

31:9 Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.

31:10 ¶ Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.

31:11 Mari l’ mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.

31:12 Madanm lan p’ap janm aji mal ak mari l’, l’ap pase tout lavi l’ ap fè l’ byen.

31:13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l’.

31:14 Tankou bato k’ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.

31:15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l’, l’ap pare manje pou moun nan kay la. L’ap di sèvant yo sa pou yo fè.

31:16 Li fè lide sou yon tè, li achte l’ ak lajan li fè ak men l’. Li fè jaden rezen sou li.

31:17 Li mare ren l’, li twouse manch rad li pou l’ travay.

31:18 Li santi zafè l’ ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.

31:19 Li file koton, li koud rad li.

31:20 Li lonje men l’ bay pòv. Li pran ka malere.

31:21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.

31:22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.

31:23 Mari l’, se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l’ an byen.

31:24 Madanm li fe rad pou l’ vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.

31:25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l’, li pa pè denmen.

31:26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.

31:27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l’ap fè.

31:28 Tout pitit li yo ap fè l’ konpliman. Mari l’ menm ap fè lwanj li.

31:29 L’ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!

31:30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y’a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.

31:31 Ba li sa ki pou li a. Lè y’a wè sa l’ fè, se pou tout moun fè lwanj li.