We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

To dyslexic atheist: There is a dog

FREE Online Haitian Creole. Pwoveb Chapter 27:1-27.

Main Index: Haitian Creole

 

Pwoveb 27

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]

27:1 ¶ Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.

27:2 ¶ Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.

27:3 ¶ Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l’ fache.

27:4 Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k’ap fè jalouzi?

27:5 ¶ Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l’ konprann sa li fè a pa anyen.

27:6 Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l’ nan kou ou, se twonpe l’ap twonpe ou.

27:7 ¶ Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.

27:8 ¶ Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.

27:9 ¶ Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.

27:10 Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.

27:11 ¶ Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m’ kontan. Konsa, m’a ka reponn moun k’ap kritike m’ yo.

27:12 ¶ Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l’. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.

27:13 ¶ Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.

27:14 ¶ Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.

27:15 ¶ Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k’ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.

27:16 Si ou rive fè l’ pe bouch li, w’a kenbe van ak men ou, w’a kenbe lwil ak dwèt ou tou!

27:17 ¶ Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.

27:18 ¶ Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y’a gen respè pou li.

27:19 ¶ Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l’. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.

27:20 ¶ Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.

27:21 ¶ Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.

27:22 ¶ Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k’ap fè l’ kite sòt.

27:23 ¶ Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.

27:24 Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.

27:25 Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo.

27:26 Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.

27:27 W’a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k’ap sèvi lakay ou.