We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

When you get to your wit's end, you'll find God lives there.

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 5:1-27.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 5

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

5:1 ¶ Rele non, Jòb! W’a wè si gen moun k’ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale?

5:2 Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo.

5:3 Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M’ rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo.

5:4 Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal.

5:5 Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo.

5:6 ¶ Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l’ tonbe anba soufrans.

5:7 Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri.

5:8 Si m’ te nan plas ou, Job, se Bondye m’ ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l’.

5:9 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.

5:10 Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden.

5:11 Moun ki t’ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo.

5:12 Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.

5:13 Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè.

5:14 Gwo lajounen y’ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y’ap tatonnen tankou nan mitan lannwit.

5:15 Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k’ap peze yo.

5:16 Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo.

5:17 ¶ Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l’! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt!

5:18 Lè li blese ou, se li menm ankò k’ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k’ap geri ou.

5:19 Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p’ap tonbe sou ou.

5:20 Nan grangou, li p’ap kite ou mouri. Nan lagè, li p’ap kite yo touye ou.

5:21 L’a pwoteje ou anba kout lang. Ou p’ap bezwen pè lè w’a wè gwo malè ap pwoche.

5:22 W’a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p’ap pè bèt nan bwa.

5:23 Jaden w’ap travay yo p’ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p’ap janm atake ou.

5:24 Lè sa a, w’a viv ak kè poze lakay ou. Lè w’a vizite pak zannimo ou yo, w’a kontan.

5:25 W’a gen anpil pitit. Y’a pouse tankou plant nan jaden.

5:26 Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l’, konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w’a mouri.

5:27 Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.