We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

No Brainer: Turn or Burn, Fly or Fry, Live or Die

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 22:1-30.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 22

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

22:1 ¶ Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa:

22:2 -Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil.

22:3 Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l’ lè ou mennen bak ou dwat?

22:4 Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l’ap rale zòrèy ou konsa, kifè l’ap trennen ou nan tribinal li?

22:5 ¶ Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste.

22:6 Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t’ dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l’ toutouni.

22:7 Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen.

22:8 Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou.

22:9 Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.

22:10 Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase.

22:11 Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou!

22:12 Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l’ pou l’ ka wè zetwal yo.

22:13 Ou konn sa, epi w’ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l’ jije sa k’ap pase sou latè?

22:14 Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l’ap mache.

22:15 ¶ Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!

22:16 Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase.

22:17 Yo menm tou yo t’ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?

22:18 Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa.

22:19 Men, lè y’ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib.

22:20 Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen.

22:21 ¶ Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l’ kont!

22:22 Koute pawòl li t’ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.

22:23 Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou.

22:24 Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.

22:25 Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.

22:26 Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w’a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w’a toujou gade.

22:27 Lè w’a lapriyè nan pye l’, l’a reponn ou. W’a kenbe tout pwomès ou fè l’ yo.

22:28 Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.

22:29 Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.

22:30 L’ap delivre ou si ou inonsan. L’a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.