We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Jesus: Amazing love

Our hopelessness and our helplessness are no barrier to (God’s) work. Indeed our utter incapacity is often the prop He delights to use for His next act… We are facing one of the principles of Yahweh’s modus operandi. When His people are without strength, without resources, without hope, without human gimmicks – then He loves to stretch forth His hand from heaven. Once we see where God often begins we will understand how we may be encouraged.
Ralph Davis

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 7:1-21.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 7

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

7:1 ¶ Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l’ap fè. Li tankou moun k’ap vann jounen!

7:2 Li tankou yon esklav k’ap tann lannwit pou l’ poze, tankou yon travayè k’ap tann kòb jounen travay li.

7:3 Depi kèk mwa, m’ pa wè poukisa m’ap viv. Tout lannwit se soufri m’ap soufri.

7:4 M’ poko kouche nan kabann mwen, m’ap mande kilè pou l’ jou. Nwit la long. M’ pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve.

7:5 Tout kò m’ plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m’ fann fann, l’ap bay postim.

7:6 Jou m’ yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k’ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m’ap tann ankò.

7:7 ¶ Bondye o! Pa bliye, lavi m’ tankou yon nwaj k’ap pase. Lè m’a fèmen je m’, mwen p’ap janm kapab jwi lavi a ankò.

7:8 Ou wè m’ koulye a, men ou p’ap janm wè m’ ankò. W’a chache m’, ou p’ap jwenn mwen.

7:9 Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.

7:10 Li p’ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l’.

7:11 Se poutèt sa, m’ pa ka pa pale. Kè m’ sere. Kite m’ pale pale m’. Lapenn kaye nan kè m’. Kite m’ plenyen plenyen m’.

7:12 Poukisa ou mete moun veye m’ konsa? M’ pa lanmè. M’ pa gwo bèt lanmè.

7:13 M’ te di nan kè m’: M’ pral lage kò m’ yon kote. M’a pran yon ti kanpo. Si m’ dòmi, m’a jwenn yon ti soulajman!

7:14 Men, ou fè m’ fè yon bann vye rèv k’ap fè m’ pè. M’ap fè yon bann vye vizyon k’ap fè m’ tranble.

7:15 Lè konsa, pito moun te trangle m’. Pito m’ te mouri pase pou m’ soufri tout doulè sa yo.

7:16 Se fini m’ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m’ pou kont mwen. Lavi m’ prèt pou bout!

7:17 ¶ Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w’ap okipe yo konsa?

7:18 Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w’ap gade nan fon kè yo, w’ap sonde yo.

7:19 Kilè w’a sispann gade m’? Ban m’ yon ti souf non kont pou m’ vale krache m’!

7:20 Si m’ fè peche, kisa m’ fè ou? Di m’ non, ou menm k’ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w’ap plante tout flèch ou yo nan kò m’ konsa? Poukisa ou fè m’ tounen yon chay pou ou?

7:21 Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m’ yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W’a chache m’, ou p’ap jwenn mwen ankò.