We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Life: the ball's in your court. After death: it's God's turn

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 6:1-30.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 6

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

6:1 ¶ Jòb pran lapawòl, li di konsa:

6:2 -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,

6:3 yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m’ pale jan m’ap pale a.

6:4 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m’. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m’ kase.

6:5 Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l’ manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l’.

6:6 Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.

6:7 Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m’ tounen.

6:8 ¶ Si Bondye te ka ban mwen sa m’ mande l’ la! Si li te ka fè m’ jwenn sa m’ap tann lan!

6:9 Si sèlman sa ta fè l’ plezi pou l’ touye m’! Si li ta vle lonje men l’ pou l’ disparèt mwen!

6:10 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.

6:11 Mwen pa gen fòs pou m’ tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m’ bezwen viv toujou fè?

6:12 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m’ ye.

6:13 Mwen pa gen fòs ankò pou m’ kenbe. Kote m’ vire, mwen pa jwenn sekou.

6:14 ¶ Nan tray m’ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m’, menm si mwen ta vire do bay Bondye.

6:15 Men, frè m’ yo, nou p’ap di m’ anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.

6:16 Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas.

6:17 Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt.

6:18 Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y’ al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri.

6:19 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.

6:20 Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.

6:21 Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n’ap renka kò nou dèyè.

6:22 ¶ Eske m’ te mande nou pou nou fè m’ kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?

6:23 Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m’ anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m’ anba men yon moun k’ap fè m’ soufri?

6:24 Bon. Pale avè m’. Si m’ antò, fè m’ wè kote m’ antò a. Lè sa a, m’a pe bouch mwen. M’a koute nou.

6:25 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m’ pa wè sa nou vle di m’ la a.

6:26 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m’ap depale. Poukisa atò w’ap kritike pawòl mwen yo konsa?

6:27 Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou.

6:28 Koulye a, monchè, tanpri, gade m’ nan je. Mwen p’ap ba ou manti.

6:29 Tounen non! Pa fè m’ lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m’ap defann.

6:30 Eske se manti m’ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?