We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Though our feelings come and go, God’s love for us does not.
C.S. Lewis

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 17:1-16.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 17

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

17:1 ¶ Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.

17:2 Kote m’ vire, se moun k’ap pase m’ nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m’ dòmi.

17:3 Ou mèt kwè m’, Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M’ pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.

17:4 Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.

17:5 Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l’, epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.

17:6 Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m’!

17:7 Mwen sitèlman nan lapenn, m’ pa ka louvri je m’. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!

17:8 Moun k’ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.

17:9 Moun k’ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.

17:10 ¶ Nou tout mèt vin kanpe devan m’, mwen p’ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.

17:11 Mwen fin viv! Tout plan m’ te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.

17:12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.

17:13 Se lanmò m’ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m’.

17:14 Mwen di tonm lan ou se papa m’. Mwen di vèmen ki pral manje m’ yo: nou se manman m’ ak sè m’.

17:15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?

17:16 Lè m’a mouri, lè m’a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m’a ka pote espwa m’ yo ansanm avè m’?