We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Times change, God doesn't.

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 39:1-30.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 39

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

39:1 ¶ Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?

39:2 Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?

39:3 Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y’ap fè pitit yo nan mitan dezè a?

39:4 Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y’ ale, yo pa tounen.

39:5 Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?

39:6 Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.

39:7 Tout bri k’ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay.

39:8 Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y’ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.

39:9 Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l’ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?

39:10 Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l’ raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l’ rale chari pou woule tè jaden ou yo?

39:11 Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?

39:12 Eske ou kwè l’ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l’ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?

39:13 ¶ Otrich alèz lè l’ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.

39:14 Otrich la ponn ze l’ yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.

39:15 Li pa konnen nenpòt moun k’ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.

39:16 Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l’ anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi,

39:17 Se mwen menm, Bondye, ki fè l’ sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.

39:18 Men, lè l’ pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l’.

39:19 ¶ Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?

39:20 Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?

39:21 Y’ap pyafe konsa nan ti fon yo, y’ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.

39:22 Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.

39:23 Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.

39:24 Yo eksite, yo pa ka tann. Y’ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas.

39:25 Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k’ap pase lòd byen fò.

39:26 ¶ Eske se ou ki moutre grigri jan pou l’ vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?

39:27 Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?

39:28 Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l’ ye a, moun pa ka vin pran l’.

39:29 Se la li rete, l’ap veye bèt pou l’ trape manje. Li te mèt byen lwen, l’ap wè yo ak je li.

39:30 Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye.