We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Even in a "New Age", God's truth is crystal clear

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 16:1-22.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 16

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

16:1 ¶ Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:

16:2 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n’ap ba yo.

16:3 Kilè n’a sispann tout pale anpil sa a? Sa k’ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!

16:4 Si m’ te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m’ ta ka pale jan nou pale a tou, m’ ta pase nou nan yon wonn tenten, m’ ta vide bèl diskou sou nou.

16:5 M’ ta remoute kouraj nou ak konsèy, m’ ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.

16:6 ¶ Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k’ap fè l’ ban m’ yon ti louga.

16:7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m’. Ou kite yo touye tout fanmi m’.

16:8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m’ ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m’.

16:9 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m’ moso pa moso. L’ap devore m’ anba dan l’. L’ap louvri je l’ sou mwen, li pa vle wè m’!

16:10 Moun prèt pou manje m’. Yo kouri sou mwen, y’ap joure m’, y’ap touye m’ anba souflèt.

16:11 Bondye lage m’ nan men mechan yo. Li jete m’ anba grif san manman yo.

16:12 Mwen t’ap viv tou dousman, li bouskile m’. Li pran m’ dèyè nwa kou, li kraze m’, li fè m’ tounen jwèt li.

16:13 L’ap voye flèch li sou mwen kote m’ vire. Li pèse tout kò m’, li san pitye pou mwen, li mete san m’ deyò.

16:14 Kote m’ vire li blese m’, li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.

16:15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m’ nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.

16:16 Je m’ vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m’ gonfle vin tou nwa.

16:17 ¶ Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m’.

16:18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m’ap rele nan pye Bondye!

16:19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k’ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k’ap pran defans mwen.

16:20 Zanmi m’ yo ap pase m’ nan betiz, men, m’ap kriye nan pye Bondye.

16:21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l’.

16:22 M’ pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.