We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Famous last words: I did it my way

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 29:1-25.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 29

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

29:1 ¶ Jòb tanmen pale ankò, li di:

29:2 -Ki moun ki va fè m’ viv tan lontan an, lè Bondye t’ap voye je sou mwen an?

29:3 Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t’ap moutre m’ kote pou m’ mete pye m’ nan fènwa a.

29:4 Nan tan sa a, tout zafè m’ t’ap mache byen. Bondye te zanmi m’. Li t’ap pwoteje kay mwen.

29:5 Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t’ap viv nan mitan tout pitit gason m’ yo.

29:6 Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.

29:7 ¶ Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,

29:8 wè yo wè m’, jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.

29:9 Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo.

29:10 Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo.

29:11 Tout moun ki te wè m’ t’ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m’ te kontan avè m’.

29:12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou.

29:13 Moun ki te nan pi gwo mizè t’ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan.

29:14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t’ janm nan patipri.

29:15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.

29:16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.

29:17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.

29:18 ¶ Mwen t’ap di nan kè m’: M’a viv kont viv mwen. M’a mouri sou kabann mwen ak kè poze.

29:19 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze.

29:20 Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t’ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.

29:21 Lè m’ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y’ap tann konsa konsèy m’ap bay.

29:22 Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m’ fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò.

29:23 Yo t’ap tann mwen pale tankou tè sèk k’ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m’ap di.

29:24 Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo.

29:25 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k’ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.