We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Been misunderstood? Imagine how God feels

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 24:1-25.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 24

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

24:1 ¶ Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k’ap sèvi l’ yo jistis?

24:2 Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo.

24:3 Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li.

24:4 Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache.

24:5 Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y’ al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale.

24:6 Y’ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y’ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo.

24:7 Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt.

24:8 Lapli k’ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli.

24:9 Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo.

24:10 Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y’ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y’ap mouri grangou.

24:11 Nan lakou mechan yo y’ap moulen grenn oliv fè lwil. Y’ap kraze rezen fè diven. Men y’ap mouri swaf dlo.

24:12 Nan lavil yo, ou tande moun k’ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo.

24:13 ¶ Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y’ap fè.

24:14 Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l’ap mache vòlò.

24:15 Mouche marye k’ap fè adiltè a ap tann solèy kouche konsa. Li bouche figi l’ pou pesonn pa wè l’.

24:16 Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y’ap kouri pou solèy.

24:17 Yo pè limyè lajounen an. Men, pa gen anyen ki pou fè yo pè nan fènwa a.

24:18 ¶ Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo.

24:19 Menm jan chalè fonn lanèj, lèfini tè sèk bwè dlo a, se konsa moun k’ap fè peche yo ap disparèt ale nan peyi kote mò yo ye a.

24:20 Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k’ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete.

24:21 Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo.

24:22 Lè sa a, Bondye detwi gwo chèf yo ak fòs ponyèt li. Li annik parèt, mechan an konnen li mouri.

24:23 Bondye kite l’ viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l’ap veye tou sa l’ap fè.

24:24 Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe.

24:25 Si se pa konsa sa ye, ki moun ki ka demanti sa m’ di la a? Ki moun ki ka fè wè pawòl mwen yo pa vo anyen?