We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Did Jesus get what he paid for?

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 26:1-14.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 26

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

26:1 ¶ Jòb pran lapawòl ankò, li di l’ konsa:

26:2 -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs!

26:3 Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou!

26:4 Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou?

26:5 ¶ Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k’ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a.

26:6 Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k’ap pase ladan l’.

26:7 Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l’. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l’.

26:8 Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo.

26:9 Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj.

26:10 Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa.

26:11 Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè.

26:12 Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.

26:13 Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t’ap kouri chape a.

26:14 Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?