We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Understanding God would be easier if we had infinite IQ

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 35:1-16.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 35

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

35:1 ¶ Eliyou pran lapawòl ankò, li di:

35:2 -Pa konprann ou gen rezon lè w’ap di ou inonsan devan Bondye,

35:3 lè w’ap di Bondye: Ki mele ou sa? M’ te mèt peche, sa pa fè ou anyen.

35:4 Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo.

35:5 Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou!

35:6 Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l’ anyen?

35:7 Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a?

35:8 Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat.

35:9 ¶ Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k’ap peze yo, yo rele.

35:10 Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k’ap ba yo kouraj.

35:11 Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la.

35:12 Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy.

35:13 Se pou gremesi y’ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.

35:14 ¶ Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li.

35:15 Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l’ anyen.

35:16 Jòb monchè, w’ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W’ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w’ap di.