We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

If God were an impersonal force we'd be superior to our Maker

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 11:1-20.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 11

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

11:1 ¶ Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:

11:2 -Atò pesonn p’ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.

11:3 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w’ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?

11:4 Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!

11:5 Pa pito Bondye ta pale pou l’ reponn ou!

11:6 Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.

11:7 ¶ Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?

11:8 Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?

11:9 Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.

11:10 Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l’ non?

11:11 Bondye konnen tout moun k’ap bay manti. Je l’ byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.

11:12 Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.

11:13 ¶ Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.

11:14 Sispann fè vye bagay k’ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.

11:15 Lè sa a, w’a leve tèt ou pou gade moun nan je. W’a byen fèm, ou p’ap pè anyen.

11:16 W’a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p’ap chonje yo ankò.

11:17 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.

11:18 Ou pral viv san kè sote. Ou p’ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l’a ba ou kè poze.

11:19 Lè w’ap dòmi, pesonn p’ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.

11:20 Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p’ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y’ap tann.