We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Jesus, what happened to your hands?
Little girl

FREE Online Haitian Creole. Jòb Chapter 38:1-41.

Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 38

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]

38:1 ¶ Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l’ konsa:

38:2 -Kisa ou ye menm pou w’ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?

38:3 Mete gason sou ou! M’ pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.

38:4 ¶ Kote ou te ye lè m’ t’ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!

38:5 Ki moun ki te deside lajè l’ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l’? Eske ou konn sa?

38:6 Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l’ la?

38:7 Jou maten sa a, tout zetwal yo t’ap chante, tout sèvitè Bondye yo t’ap bat bravo.

38:8 Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?

38:9 Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l’ nan gwo nwaj nwa yo,

38:10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l’ nan plas li.

38:11 Mwen di l’: Men limit ou. Pa depase l’. Se la m’ap kraze fòs lanm ou yo.

38:12 ¶ Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?

38:13 Eske ou janm bay devanjou l’ lòd pou l’ klere sou tout latè, l’ pou l’ fè mechan yo soti nan twou yo?

38:14 Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.

38:15 Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.

38:16 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?

38:17 Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?

38:18 Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!

38:19 Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete,

38:20 pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?

38:21 Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t’ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou!

38:22 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?

38:23 Ou konnen depo kote m’ sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?

38:24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l’ soufle sou latè?

38:25 ¶ Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,

38:26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,

38:27 pou wouze tè sèk k’ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann?

38:28 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze?

38:29 Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l’?

38:30 Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?

38:31 Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?

38:32 Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?

38:33 Ou konnen lwa k’ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k’ap pase sou latè?

38:34 Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou?

38:35 Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y’ap reponn ou: Wi, men nou?

38:36 Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe?

38:37 Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,

38:38 pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm?

38:39 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,

38:40 kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?

38:41 Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m’ pou m’ ba yo manje?