Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 77

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

77:1 ¶ (77:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (77:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.

77:2 (77:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m’ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.

77:3 (77:4) Mwen chonje Bondye, m’ap plenn! M’ap kalkile, mwen santi m’ dekouraje!

77:4 (77:5) Ou fè m’ rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.

77:5 (77:6) M’ap chonje tan lontan, wi, m’ap chonje lanne pase anwo yo.

77:6 (77:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m’ap kalkile anpil nan kè m’, m’ap egzaminen, m’ap di:

77:7 (77:8 -)Eske Seyè a voye m’ jete nèt? Eske li p’ap janm kontan avè m’ ankò?

77:8 (77:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p’ap kenbe pawòl li ankò?

77:9 (77:10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?

77:10 (77:11) Apre sa mwen di: Men sak fè m’ pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?

77:11 ¶ (77:12) Seyè, m’a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.

77:12 (77:13) M’ap kalkile tout sa ou te fè yo, m’ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!

77:13 (77:14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!

77:14 (77:15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.

77:15 (77:16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.

77:16 (77:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.

77:17 (77:18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.

77:18 (77:19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.

77:19 (77:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.

77:20 (77:21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y’ap mennen.