We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Jesus Christ: the name on everybody's lips

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 132:1-18.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 132

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

132:1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.

132:2 Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l’ te di:

132:3 -Mwen p’ap antre nan kay kote m’ rete a, mwen p’ap moute kouche sou kabann mwen,

132:4 mwen p’ap bay kò m’ repo, mwen p’ap fèmen je m’,

132:5 toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.

132:6 Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.

132:7 Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n’ adore l’.

132:8 Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.

132:9 Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.

132:10 Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.

132:11 ¶ Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l’ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m’ap mete chita sou fotèy ou a.

132:12 Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.

132:13 Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.

132:14 Se la mwen chwazi pou m’ toujou pran repo, se la m’ap rete, paske se sa mwen vle.

132:15 M’a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l’ viv. M’a bay pòv li yo manje plen vant yo.

132:16 M’a delivre prèt li yo, m’a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.

132:17 Se la m’ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p’ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.

132:18 M’ap fè lènmi l’ yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.