Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 34

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

34:1 ¶ (34:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l’ ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (34:2) Se tout tan m’ap di Seyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li.

34:2 (34:3) M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.

34:3 (34:4) Mete tèt nou ansanm avè m’ pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!

34:4 (34:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m’ anba tout sa ki t’ap fè m’ pè yo.

34:5 (34:6) Lè nou vire je nou gade l’, sa fè kè nou kontan. Nou p’ap janm wont.

34:6 (34:7) Lè moun ki san sekou yo rele l’, li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.

34:7 (34:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

34:8 (34:9) Goute, n’a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!

34:9 (34:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen.

34:10 (34:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k’ap chache fè volonte Seyè a p’ap manke anyen.

34:11 ¶ (34:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m’ap di nou. M’a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.

34:12 (34:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?

34:13 (34:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.

34:14 (34:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.

34:15 (34:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l’ yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye l’.

34:16 (34:17) Men, Seyè a vire do bay moun k’ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.

34:17 (34:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l’, li tande yo. Li wete yo anba tray.

34:18 (34:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.

34:19 (34:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l’ soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l’ anba tout soufrans li yo.

34:20 (34:21) L’ap pwoteje l’ nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l’ p’ap kraze.

34:21 (34:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k’ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.

34:22 (34:23) Seyè a ap delivre moun k’ap sèvi l’ yo, li p’ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l’.