We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Lonely? No one understands like Jesus

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 7:1-17.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 7

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

7:1 ¶ (7:1) Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. (7:2) Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m’. Pa kite m’ tonbe nan men moun k’ap pèsekite m’ yo.

7:2 (7:3) Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y’ap pote m’ ale, y’ap devore m’ san pesonn p’ap ka pote m’ sekou.

7:3 (7:4) Seyè, Bondye mwen, si m’ te fè bagay sa yo vre, si m’ te fè yon moun mal,

7:4 (7:5) si m’ te aji mal ak moun ki te fè m’ byen, si m’ te pèsekite lènmi m’ san rezon,

7:5 (7:6) ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l’ mache sou mwen, ou mèt kite l’ trennen non m’ nan labou.

7:6 (7:7) Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m’ yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m’ sekou, paske se jistis ou m’ap chache.

7:7 (7:8) Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.

7:8 (7:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m’ jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.

7:9 (7:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.

7:10 ¶ (7:11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.

7:11 (7:12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.

7:12 (7:13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l’ap pare banza li pou l’ vize li.

7:13 (7:14) Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L’ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.

7:14 (7:15) Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L’ap fè plan pou fè moun mal. L’ap plede bay manti.

7:15 (7:16) Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.

7:16 (7:17) Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l’ ki tounen kont li!

7:17 (7:18) Mwen menm, m’ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M’ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.