We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

You can no more outgrow your need for God than you can outgrow your need for oxygen

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 145:1-21.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 145

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

145:1 ¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m’a fè konnen jan ou gen pouvwa. M’ap di ou mèsi tout tan tout tan.

145:2 Chak jou m’ap di ou mèsi. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

145:3 Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p’ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!

145:4 Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y’a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

145:5 M’a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M’a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

145:6 Y’a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M’a rakonte jan ou gen fòs.

145:7 Y’a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y’a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

145:8 Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p’ap janm sispann renmen nou!

145:9 Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

145:10 ¶ Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!

145:11 Y’a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y’a fè konnen jan ou gen pouvwa,

145:12 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.

145:13 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W’ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.

145:14 L’ap soutni tout moun k’ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.

145:15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.

145:16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

145:17 Seyè a san patipri nan tou sa l’ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l’ap fè.

145:18 Seyè a kanpe toupre moun k’ap rele l’, toupre tout moun k’ap rele l’ ak tout kè yo.

145:19 L’ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y’ap rele l’, l’ap delivre yo.

145:20 L’ap pwoteje tout moun ki renmen l’. Men, l’ap detwi tout mechan yo.

145:21 M’a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l’ tout tan tout tan.