We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

God grades on the cross, not the curve.

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 56:1-13.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 56

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

56:1 ¶ (56:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. (56:2) Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k’ap pousib mwen. Tout lajounen y’ap fè m’ lagè, y’ap toumante mwen.

56:2 (56:3) Tout lajounen lènmi m’ yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k’ap fè m’ lagè yo.

56:3 (56:4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

56:4 (56:5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M’ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m’?

56:5 (56:6) Tout lajounen y’ap manke m’ dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!

56:6 (56:7) Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y’ap veye tout vire tounen mwen. Y’ap tann okazyon konsa pou yo touye m’.

56:7 (56:8) Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.

56:8 ¶ (56:9) Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m’. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?

56:9 (56:10) Se poutèt sa lènmi m’ yo gen pou kouri ale lè m’ rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.

56:10 (56:11) M’ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m’ap fè lwanj pawòl Seyè a.

56:11 (56:12) Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?

56:12 (56:13) O Bondye, m’ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m’ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m’ di ou mèsi.

56:13 (56:14) Paske ou pa kite m’ mouri, ou pa kite m’ bite, pou m’ kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k’ap klere moun k’ap viv pou ou yo.