We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Only with Jesus can you reach your full potential

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 58:1-11.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 58

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

58:1 ¶ (58:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (58:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?

58:2 (58:3) Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N’ap plede fè mechanste nan tout peyi a.

58:3 (58:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k’ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.

58:4 (58:5) Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik,

58:5 (58:6) ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k’ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa.

58:6 ¶ (58:7) Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè!

58:7 (58:8) Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k’ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen.

58:8 (58:9) Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri.

58:9 (58:10) Anvan menm yo konnen sa k’ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l’ap rache yo pandan yo tou vivan.

58:10 (58:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y’a lave pye yo nan san mechan yo.

58:11 (58:12) Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k’ap jije moun sou latè.