We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

You think life is full of surprises? Wait till you die!

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 104:1-35.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 104

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

104:1 ¶ Kite m’ di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!

104:2 Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.

104:3 Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.

104:4 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.

104:5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l’.

104:6 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.

104:7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò.

104:8 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y’ al pran plas ou te pare pou yo.

104:9 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.

104:10 ¶ Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.

104:11 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.

104:12 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y’ap chante byen fò nan tout branch yo.

104:13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.

104:14 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,

104:15 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.

104:16 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.

104:17 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.

104:18 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.

104:19 ¶ Ou te fè lalin pou l’ make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l’ kouche.

104:20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.

104:21 Jenn lyon yo ap gwonde, y’ap chache manje. Y’ap mande Bondye ba yo manje.

104:22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y’ al kouche nan twou yo.

104:23 Moun soti pou y’ al travay, wi, pou y’ al travay jouk solèy kouche.

104:24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.

104:25 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k’ap viv ladan l’, gwo kou piti.

104:26 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l’.

104:27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.

104:28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.

104:29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.

104:30 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.

104:31 ¶ Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l’ ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè.

104:32 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.

104:33 M’ap pase tout lavi m’ ap chante pou Seyè a. M’ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m’ap viv la.

104:34 Mwen ta swete pawòl mwen fè l’ plezi, paske se li ki fè kè m’ kontan.

104:35 Se pou moun k’ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m’ di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!