We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Many folks want to serve God, but only as advisers

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 48:1-14.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 48

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

48:1 ¶ (48:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (48:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.

48:2 (48:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.

48:3 (48:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l’ yo jwenn kote pou yo kache.

48:4 (48:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.

48:5 (48:6) Lè yo wè l’, yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.

48:6 (48:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,

48:7 (48:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.

48:8 ¶ (48:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l’ ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.

48:9 (48:10) Nou rete nan tanp ou a, n’ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.

48:10 (48:11) Se tout moun k’ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y’ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.

48:11 (48:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.

48:12 (48:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.

48:13 (48:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen

48:14 (48:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k’ap kondi nou jouk sa kaba.