We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

We see a only a glimmering of the plans of God...

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 75:1-10.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 75

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

75:1 ¶ (75:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l’ sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (75:2) N’ap fè lwanj ou, Bondye! N’ap fè lwanj ou! Se tout tan n’ap nonmen non ou! N’ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!

75:2 (75:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m’a jije jan sa dwe fèt.

75:3 (75:4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k’ap viv sou li yo pran tranble, m’ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.

75:4 (75:5) M’ap di moun k’ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M’ap di mechan yo: Sispann fè awogans!

75:5 (75:6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!

75:6 ¶ (75:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.

75:7 (75:8) Non. Se Bondye k’ap jije: L’ap bese yonn, l’ap leve yon lòt.

75:8 (75:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l’. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L’ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y’ap bwè, y’ap bwè san yo pa kite yon ti tak.

75:9 (75:10) Mwen menm, mwen p’ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p’ap janm sispann chante pou fè lwanj li.

75:10 (75:11) L’a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l’ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!