We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

God makes it, we mess it

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 92:1-15.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 92

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

92:1 ¶ (92:1) Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (92:2) Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.

92:2 (92:3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.

92:3 (92:4) Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.

92:4 (92:5) Paske, Seyè, ou fè kè m’ kontan ak bèl mèvèy ou yo, m’ap fè fèt lè m’ wè tou sa w’ap fè.

92:5 (92:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p’ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!

92:6 (92:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.

92:7 ¶ (92:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k’ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.

92:8 (92:9) Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.

92:9 (92:10) Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k’ap fè mal yo.

92:10 (92:11) Ou fè m’ gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m’ kontan.

92:11 (92:12) Mwen wè ak je m’ jan lènmi m’ yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m’ yo ap rele.

92:12 (92:13) Moun k’ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y’ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.

92:13 (92:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y’ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.

92:14 (92:15) Yo te mèt granmoun, y’ap donnen, y’ap toujou vèt, y’ap toujou gen fòs.

92:15 (92:16) Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.