We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

Compassion is difficult to give away because it keeps coming back.

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 107:1-43.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 107

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

107:1 ¶ Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p’ap janm sispann renmen nou!

107:2 Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,

107:3 li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.

107:4 Yo t’ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t’ kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.

107:5 Yo t’ap mouri grangou. Swaf dlo t’ap touye yo. Yo santi yo pa t’ kapab ankò.

107:6 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

107:7 Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.

107:8 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.

107:9 Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t’ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.

107:10 ¶ Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t’ap soufri anba chenn,

107:11 paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t’ okipe konsèy Bondye te ba yo.

107:12 Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t’ gen pesonn pou ba yo men.

107:13 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

107:14 Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.

107:15 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.

107:16 Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo.

107:17 ¶ Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t’ap soufri paske yo te fè sa ki mal.

107:18 Yo pa t’ menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.

107:19 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

107:20 Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.

107:21 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.

107:22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l’ mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.

107:23 ¶ Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t’ap fè trafik lakòt pou yo viv.

107:24 Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè.

107:25 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move.

107:26 Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo.

107:27 Tèt yo vire, y’ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo.

107:28 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

107:29 Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.

107:30 Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Seyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo t’aprale a.

107:31 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.

107:32 Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo.

107:33 ¶ Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò.

107:34 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t’ap viv la a t’ap fè twòp mechanste.

107:35 Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.

107:36 Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete.

107:37 Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt.

107:38 Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple.

107:39 Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t’ap peze yo, yo t’ap soufri, yo te nan mizè.

107:40 Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,

107:41 se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini.

107:42 Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen.

107:43 Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè!