We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

We were called to be witnesses, not lawyers or judges

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 9:1-20.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 9

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

9:1 ¶ (9:1) Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. (9:2) M’a fè lwanj ou ak tout kè m’, Seyè. M’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.

9:2 (9:3) Se ou menm k’ap fè m’ chante, se ou menm k’ap fè kè m’ kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m’a chante lwanj ou.

9:3 (9:4) Parèt ou parèt, lènmi m’ yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.

9:4 (9:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m’ jistis, ou defann kòz mwen.

9:5 (9:6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.

9:6 (9:7) Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.

9:7 (9:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l’ fè jistis.

9:8 (9:9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.

9:9 (9:10) Moun y’ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.

9:10 (9:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y’ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k’ap chache ou.

9:11 ¶ (9:12) Ann fè lwanj Seyè a k’ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.

9:12 (9:13) Bondye chonje moun k’ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.

9:13 (9:14) Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m’ yo mete m’. vin sove m’! Pa kite m’ mouri, Seyè,

9:14 (9:15) pou m’ ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m’ di yo poukisa m’ap fè lwanj ou. M’ap kontan nèt, paske ou te delivre m’.

9:15 (9:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.

9:16 (9:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.

9:17 (9:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.

9:18 (9:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.

9:19 (9:20) Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.

9:20 (9:21) Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.