We Love God!

God: "I looked for someone to take a stand for me, and stand in the gap" (Ezekiel 22:30)

This side of eternity we see only a fraction of the picture

FREE Online Haitian Creole. Sòm Chapter 26:1-12.

Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 26

[1]
[2]
[3]
[4]
[5]
[6]
[7]
[8]
[9]
[10]
[11]
[12]
[13]
[14]
[15]
[16]
[17]
[18]
[19]
[20]
[21]
[22]
[23]
[24]
[25]
[26]
[27]
[28]
[29]
[30]
[31]
[32]
[33]
[34]
[35]
[36]
[37]
[38]
[39]
[40]
[41]
[42]
[43]
[44]
[45]
[46]
[47]
[48]
[49]
[50]
[51]
[52]
[53]
[54]
[55]
[56]
[57]
[58]
[59]
[60]
[61]
[62]
[63]
[64]
[65]
[66]
[67]
[68]
[69]
[70]
[71]
[72]
[73]
[74]
[75]
[76]
[77]
[78]
[79]
[80]
[81]
[82]
[83]
[84]
[85]
[86]
[87]
[88]
[89]
[90]
[91]
[92]
[93]
[94]
[95]
[96]
[97]
[98]
[99]
[100]
[101]
[102]
[103]
[104]
[105]
[106]
[107]
[108]
[109]
[110]
[111]
[112]
[113]
[114]
[115]
[116]
[117]
[118]
[119]
[120]
[121]
[122]
[123]
[124]
[125]
[126]
[127]
[128]
[129]
[130]
[131]
[132]
[133]
[134]
[135]
[136]
[137]
[138]
[139]
[140]
[141]
[142]
[143]
[144]
[145]
[146]
[147]
[148]
[149]
[150]

26:1 ¶ Se yon sòm David. Fè m’ jistis, Seyè, paske m’ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.

26:2 Fouye m’, Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m’. Wè tou sa ki nan lide m’,

26:3 Ou fè m’ wè jan ou renmen mwen. M’ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.

26:4 Mwen pa chita ansanm ak moun k’ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m’ wè ak moun ipokrit.

26:5 Mwen rayi tout moun k’ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.

26:6 ¶ Seyè, m’ap lave men m’ pou m’ moutre jan m’ inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,

26:7 pou m’ fè tout moun tande jan m’ap di ou mèsi, pou m’ rakonte tout bèl bagay ou yo.

26:8 Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.

26:9 Pa trete m’ menm jan ak moun k’ap fè sa ki mal. Pa detwi m’ ansanm ak sanginè yo,

26:10 ansanm ak moun sa yo k’ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.

26:11 Pou mwen menm, m’ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m’, gen pitye pou mwen.

26:12 M’ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M’a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l’ reyini.